5 novembre 2011

PREZIDANS LA PA FÈ SOTI OKENN ARETE POU REMETE KANPE LAME DAYITI


Pòtoprens, samdi 5 novanm 2011. Prezidan Repiblik la, S.E.M. Michel Joseph MARTELLY, wè gen kèk moun move lide ki fè parèt sou entènèt yon fo arete pou  fè kwè Lame Dayiti retounen. Moun sa yo ki fè trak sa a soti a, se la twoublay yo vle simen nan mitan popilasyon an.

Prezidan Michel Joseph MARTELLY vle fè konnen li pa janm pran  okenn desizyon konsa. Kidonk, li mande pèp ayisiyen  pou pa pran nan  vye jwèt sa yo kèk sektè ap fè.

Prezidan Repiblik la, pandan lap fè konnen yon  lòt fwa ankò  volonte l genyen, jan manman lwa peyi a mande l, pou mete sou pye  fòs lame a, mande tout sitwayen ayisiyen, sitou sa yo ki pi gen a wè ak zafè sa a, pou yo poze. Nan dat 18 novanm kap vini la, Prezidans la ap fè tout nasyon an konnen ki mezi ki pran pou mete kanpe nouvo lame a.


2 commentaires:

  1. Peyi a pa gen lajan pou fè lame. Gen moun ki panse lajan yo peye minustah kapab itilize pou peye lame. Se pa dwe yo dwe Ayiti asistans minustah, si nou di nou pa vle minustah tout bagay fini, yo pap banou lajan saa pou fè lot bagay...

    RépondreSupprimer
  2. pou mwen menm peyi ya bezwen lame depi yon peyi ou pa gen prope lame paw ou pa endepandan mwen renmen travay president ap fe ya epi sak pa kontan ambake

    RépondreSupprimer

Commentez