15 novembre 2011

2 Jèn Ayisyèn mouri krible ak bal, lakay yo nan Boston

Stephanie Emile ak Judith Emile 2 jèn Ayisyen'n ki tap viv Dochestè nan Boston, la polis jwen'n yo krible ak bal anndan lakay yo. Gen youn ki genlè te sot benyen , lot la te kouche sou kaban'n li. Yo genlè te touye yo a 7 tè 30 nan maten, men se a 9 vè 30 yon lot sè te dekouvri kadav yo, se sa la polis di, te gen 2 timoun anndan kot Stephanie ak Judith Emile te ye a, Se yo menm ki al frape pot manman yo ki abite nan menm bilding nan pou anonse nouvèl la. Timoun yo te benyen ak san sou ko yo.


Judith Emile tap travay nan wendy's, e Stephanie Emile te fenk jwen'n on travay nan yon lopital Boston. Stephanie te fenk marye ak yon jèn ti gason Ayisyen. La polis ak mennen ankèt li, pou jwen'n pouki sa gwo krim saa.



Loumel Etienne (Journaliste)

2 commentaires:

Commentez